Chant 44

Vini chak moun ki plen peche

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Vini chak moun ki plen peche, Kris gen mizerikòd Li di li va ba ou lapè, L ap met kè ou annòd.

Kè

Sèlman kwè li, (2 fwa) Sèlman kwè Jezi; L a sove ou, (2 fwa) L a sove ou tou.

Kouplè 2

Jezikri te vèse san li, Ki gran benediksyon! Plonje ou nan san Jezikri L ap lave tout peche w.

Kouplè 3

Wi, Jezi se chemen lavi Ki mennen nou nan syèl; Vin met tout konfyans ou nan li; Ou p ap mache tou sèl.

Kouplè 4

Vin non, ini ou avèk nou Ki prale nan laglwa, Pou abite la toulejou Kote tout moun anjwa.

Retour aux chants