Kouplè 1
Non Jezi gen yon son si dou! Li chase tristès nou. Non Jezi ban nou gerizon, Pa gen yon pi bèl son!
Kouplè 2
Non Jezi kalme kè twouble, E lespri fatige. Li kou yon manje tèlman gou Pou nanm yo ki grangou.
Kouplè 3
Non Jezi se kou yon gwo wòch Li pa ka deplase, Li pwoteje m, li kache mwen, L a sove m jouk lafen.
Kouplè 4
Jezi sèvi pou mwen tankou Bèje e zanmi m tou, Se li ki chemen an, epi Laverite, lavi.
Kouplè 5
Mwen pa t ka fè anpil pou ou; Sa m fè a piti tou ; M a di ou mèsi pou tout gras, Lè m a wè w fasafas.
Kouplè 6
Annatandan, mwen vle sèvi Ak tout souf mwen, pou di Tout pechè yo, se nan non ou Yo kapab sove tou.
