Chant 43

Jezi, kenbe m pre lakwa

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Jezi, kenbe m pre lakwa; San ou te vèse la, Pou l kab pirifye tout nanm Ki ta plonje ladan.

Kè

Pre lakwa, pre lakwa, Mwen vle toujou rete, Jouk Jezi vini chache m Pou l ka ban mwen lajwa.

Kouplè 2

Pre lakwa, nanm mwen tranble; lanmou li te jwenn mwen, Lè limyè li te antre, Li te chanje kè mwen.

Kouplè 3

Pre lakwa, o Bon Sovè! Fè m sonje soufrans ou, Ede m mache byen chak jou Anba lonbraj Kalvè.

Kouplè 4

Pre lakwa m ape veye, Kwè, obeyi, priye, Jouk tan lè a va sonnen Pou l vin chache mwen.

Retour aux chants