Chant 42

M ap gade w ak lafwa

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

M ap gade w ak lafwa, Mouton Bondye sou kwa a, Sovè si bon. Koute mwen lè m priye, Lave m paske m peche; Depi jodi a m vle Pou m pou ou nèt.

Kouplè 2

Ban m gras pou m pa fayi ; Fòs kè mwen ap febli De tanzantan. Kòm ou mouri pou mwen, Ou gen lanmou pou mwen Se Pou w rete tou tan Yon flanm vivan.

Kouplè 3

Tenèb kouvri chemen m, Doulè nan tout kò mwen; Gid mwen se ou. Fè fènwa vi n limyè; Wete kriye doulè, Pa janm lese m kite Bò kote ou.

Retour aux chants