Kouplè 1
Jezi se nan prezans ou nanm mwen pran plezi. Ou konsole m nan gran tristès. Ou se jwa m lajounen, e chan mwen lannwit. Ou ban m espwa, se yon richès.
Kouplè 2
Bon Bèje, kote ou gade mouton ou Pou ba yo patiraj lanmou? Poukisa mwen kriye nan santye lanmò Ou rete nan dezè a san ou?
Kouplè 3
Tanpri pa kite m drive isit san ou Ap kriye nan dezè pou pen. Detrès mwen ta yon lajwa pou lènmi ou E yo ta rejwi nan penn mwen.
Kouplè 4
Lè l gade genyen dimil zanj k ap rejwi, E anpil ap tann pawòl li. Lè l pale tout letènite anvayi Avèk louwanj pou Jezikri.
Kouplè 5
Bon Bèje, mwen tande epi m ap swiv ou M ap mache ak ou pa lafwa. Kenbe m e defann mwen, mwen toujou pou ou E nan ou m ap toujou an jwa.
