Chant 40

N ap chante Wa a ki gen pou vini

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

N ap chante Wa a ki gen pou vini, Glwa pou Jezi, mouton an ki mouri Pou ofri tout moun delivrans, lavi. Tout pèp va kontan lè Jezi va Wa!

Kè

Vini chante: Glwa pou Jezi, Alelouya, glwa pou Jezi! Nou ki moun pa Jezi, sa se chan nou: Tout glwa pou Jezi se li ki Wa nou.

Kouplè 2

Pèp yo va rete nan bèl limyè li, Tout moun va ansanm, wi yo va ini. Se laverite ki va etabli. P ap gen lenjistis, lè Jezi va Wa !

Kouplè 3

Tout bagay va bon nan wayòm Kris li, Kot libète ak sajès pral vini. Tout lènmi nou yo va tounen zanmi. Tout zam mete ba lè Jezi va Wa.

Kouplè 4

Tout moun va mache nan pisans Lespri. Dout p ap ka twouble moun ki nan Jezi. Nou pa pè lanfè, fòs lanmò fini, Lanmou toupatou, lè Jezi va Wa.

Kouplè 5

N ap lapriyè pou Wayòm Kris vini. Bondye, fè li vini vit pou ou detwi Tout move bagay, pou nou kapab di: Rèy Satan kaba, se Jezi ki Wa.

Retour aux chants