Kouplè 1
Moun ki obeyi, E k ap swiv Jezikri, Yo kontan e trezò yo anwo. Lezòt yo pa konnen Ni la jwa, ni lapè Nan kè tout moun k ap swiv Sovè yo. (2 fwa)
Kouplè 2
Pandan tout la jounen, Se non Kris m ap chante. Mwen ta swete tout moun konnen li. Mwen sèten li renmen m; Li mouri pou sove m Avèk tout moun k ap vini jwenn li. (2 fwa)
Kouplè 3
S on favè Bondye fè, S on jwa ki pap fini; Jezi rete nan kè m, mwen konn sa. Mwen konnen li Sovè m. Mwen konnen li beni m E lanmou Bondye ranpli kè mwen. (2 fwa)
