Kouplè 1
Pa kite mwen, O bon Sovè ! Koute kriye mwen; Kon ou okipe lèzòt yo, Pa pase lwen mwen.
Kè
Sovè, Sovè, Koute kriye mwen; Kon ou okipe lèzòt yo, Pa pase lwen mwen.
Kouplè 2
Devan twòn ou ban m padon ou, Ban m yon dous frechè; Men mwen koube nan prezans ou Ede m pou mwen kwè.
Kouplè 3
Mwen konfye m sèl nan merit ou; M ta gade ou anfas; Geri kè mwen ki nan tristès, Kenbe m nan lagras.
Kouplè 4
Ou se sous pou konsole mwen, Mwen vle ret fidèl; Mwen renmen ou pase tout moun Sou tè e nan syèl.
