Chant 37

Gen limyè nan nanm mwen jodi a

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Gen limyè nan nanm mwen jodi a Avèk glwa pi gran pase Menm solèy la nou wè nan syèl la, Paske Jezi te klere m.

Kè

Wi gen limyè, gen bèl limyè; Mwen kontan mwen vle toujou chante Lè Jezi montre lanmou li nan kè mwen Limyè sa a toujou rete.

Kouplè 2

Gen kantik nan nanm mwen jodi a Se yon kantik pou Jezi; E li konnen sa mwen pa ka di, Paske lanmou l san mezi.

Kouplè 3

Gen lajwa nan nanm mwen jodi a Ak espwa louwanj, lanmou, Pou byenfè li ban mwen toulejou, Pou syèl la li ban mwen tou.

Retour aux chants