Chant 36

Bèje mwen se yon Wa damou

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Bèje mwen se yon Wa damou Bonte li p ap janm fini. Si se li menm ki Sovè mwen, Mwen p ap janm manke anyen.

Kè

Kote dlo a koule pi fre, Se la li va kondui mwen, E, se kote zèb yo pi bèl Li mete patiraj mwen.

Kouplè 2

Mwen te fou, lè mwen te kite l, Men, li menm l ale chèche m; E, sou zepòl li, li pote m M byen kontan, ak li m tounen.

Kouplè 3

Menm si mwen wè lanmò an fas, Mwen p ape pè yon ti kras. Gran baton ou ap pwoteje m Kwa ou devan ap gide m.

Kouplè 4

Ou ranje yon si bèl kouvè Pou mwen devan tout lènmi m, Ou ban mwen manje, ou ban m bwè Ou satisfè tout bezwen mwen.

Kouplè 5

Nenpòt kisa ki ka rive, Jiska lafen m ap suiv ou; Epi nan syèl la m a chante Gras ou ki p ap janm fini.

Retour aux chants