Kouplè 1
Kè mwen ap chante kantik chak jou Paske Jezi pa pi lwen; Li di mwen konsa: mwen avèk ou, Ou pa gen dwa pè anyen.
Kè
Jezi, Jezi, Jezi, Non k pi dous pou mwen, M ap chante amou li. Kè m kontan, m pa pè anyen.
Kouplè 2
Mwen pa te manke konn fè rebèl Kont tout pasyans Jezikri; Jodi a mwen genyen asirans, Se nan plas mwen l te mouri.
Kouplè 3
Ala yon amou ki fè li vle Padone tout peche mwen! O, Senyè fè m rayi tout peche, Devan ou pou mwen mache.
Kouplè 4
Yon jou l a vini pou resevwa m Nan kay, nan si bèl syèl la. M a kite tè sa a ak yon gran jwa; M a wè li anwo jou sa a.
