Chant 34

Èske w ta vle viv pou

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Èske w ta vle viv pou Jezi nèt e pou toujou? Èske ou vle mache Avèk li toulejou? Èske ou vle li pote chay ou, Soutni kè ou tou? Kite l fè ou kon li vle.

Kè

Pisans li ka fè ou sa ou dwe ye, San l ka netwaye kè ou kon li ye, Lanmou li va plen nanm ou, si ou kwè. Pito w kite l kondui ou kon li vle.

Kouplè 2

Èske w vle li fè ou lib pou Suiv li koutkekout? Èske ou vle kouraj pou Fè nenpòt ki wout? Èske ou vle li delivre ou Nan tout pyèj, tout dout? Kite l fè ou kon li vle.

Kouplè 3

Èske ou chache yon repo Pou nanm ou ki twouble? Èske ou vle Kris la Avèk ou nan eprèv? Èske ou vle obeyi li E pote fwi bon zèv? Kite l fè ou kon li vle.

Retour aux chants