Kouplè 1
Senyè, pale mwen pou m pale Tankou yon eko vwa ou menm. Kite m chèche, menm jan kon ou, Pitit ou ki pèdi, ki sèl.
Kouplè 2
Gide m Senyè pou m ka gide Pye moun ki pran move chemen. Ban m manje pou m kapab nouri Moun ki grangou ak lamàn ou.
Kouplè 3
Ban mwen fòs pou m rete fidèl, Kanpe sou yon wòch ki solid; Pou mwen kapab lonje men tou Ede moun k ap bat ak lavi.
Kouplè 4
Senyè, montre m tout sa ki bon, Pou mwen montre lòt moun yo tou; Dirije m nan tout sa m ap fè, Pou pawòl mwen touche kè yo
Kouplè 5
Ban m lapè ou ki tèlman dous, Pou m kapab pale ak dousè Avèk tout moun ki nan detrès. Epi ban mwen bèl pawòl ou.
Kouplè 6
Ranpli mwen jan ou vle, Senyè, Jouk kè m kapab debòde tou; Pou rakonte gran amou ou Nan pawòl tankou nan aksyon.
Kouplè 7
Sèvi ak mwen jan w vle, Senyè, Kondui mwen tout kote ou vle; Jouk tan m a wè fas beni ou, Pou m pataje glwa ak jwa ou.
