Kouplè 1
Mèt, pale, mwen menm m ap koute; M ap tann pawòl nan bouch ou. Vwa ou ki fè mwen si kontan Kè m swaf tande li toujou. M ape koute ou, Senyè, Kisa ou gen pou di mwen.
Kouplè 2
Mèt, rele mwen, site non mwen; Di m se ak mwen w ap pale. Pou mwen kapab suiv ou pi byen; Pou mwen mache san tranble. Pale! Ou se Bon Bèje. Mwen se mouton ou rachte.
Kouplè 3
Koute mwen avan mwen ale, Mwen tankou yon moun pèdi Mèt, pale! Se ou ki konnen Tout bagay kè mwen anvi, Tout sa nanm mwen bezwen vre; Vini pale nan kè mwen.
Kouplè 4
Mèt, pale, e fè mwen pare Lè m tande byen sa ou di, San mize e ak kè kontan Pou m fè tout sa ou te di. M ape koute ou, Mèt mwen; Pale, Mèt, pale ak mwen.
