Chant 22

Senyè Bondye mwen vle lavi m

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Senyè Bondye mwen vle lavi m Ka ranpli ak louwanj. Fè tout sa m ye, ak tout sa m fè, Fè w plezi tankou zanj.

Kouplè 2

Se pa sèlman louwanj nan bouch Ni sèlman louwanj kè, Mwen mande ou ede m ofri w Louwanj nenpòt ki lè.

Kouplè 3

Mwen vle louwe ou tout tan, menm Nan bagay òdinè; Chak fwa m sòti oubyen m antre, Epi nan tou sa m fè.

Kouplè 4

Fè tout pati ki nan mwen yo: Kò, nanm avèk lespri Ka chante louwanj ou, Senyè, Malgre m fèb e piti.

Kouplè 5

Se konsa, Senyè, nan tout vi m Mwen va glorifiye ou, E m va kòmanse sou latè Chan ki pou syèl la tou.

Kouplè 6

Fè ni lajounen ni lannuit, Mwen viv yon vi ki sen, Pou m gen yon kominyon pafè Ak ou, menm isiba.

Retour aux chants