Chant 23

Mwen kanpe, m sezi nan prezans

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Mwen kanpe, m sezi nan prezans Jezi, Redanmtè beni; Pou jan li montre li renmen Mwen menm, yon pechè pèdi!

Kè

Ala mèvèy! Ala mèvèy! Mwen va chante pou tout tan. Ala mèvèy! Ala mèvèy! Amou Jezi gen pou nou.

Kouplè 2

Se pou mwen l t al nan jaden, Priye pou m te ka sove; Li pa te kriye pou tèt pa l; Pou mwen se san li te swe.

Kouplè 3

Li te pran peche ak penn mwen, Kòm si tou sa te pou li; Li pote yo tout sou kalvè, Se la l soufri, li mouri,

Kouplè 4

Lè m va wè fas li nan syèl la, Ak rachte yo nan laglwa, Mwen va vle chante amou li; Se nan sa m a jwenn tout jwa.

Retour aux chants