Kouplè 1
Beni kòd ki mare Kè nou nan lanmou Kris, Fratènite moun ki ini Fè nou konprann syèl la.
Kouplè 2
Devan twòn papa nou Nou priye tout ansanm, Nou gen menm krent ak menm espwa, Nou vle menm delivrans.
Kouplè 3
Pataje mizè nou Youn pote pakèt lòt Lè moun soufri, kriye ak yo, Nou fè tout sa pou Kris.
Kouplè 4
Lè nou youn kite lòt, Sa fè nou tout lapenn. Nou rete ini nan lespri, Nou tout se youn nan Kris.
