Kouplè 1
Yon jou m a sispann chante m yo Vwa m a rete san l pa chante; Men ak sen ki nan laglwa yo Nanm mwen va kontan pou l mele.
Kè
M ava wè li menm jan li ye, Jezi Sovè m, pitit Bondye (2 liy 2 fwa)
Kouplè 2
Yon jou fòk kanmenm mwen kite Abitasyon-m sou latè a, Men pòt abitasyon Bondye Va louvri pou mwen jou sa a.
Kouplè 3
Yon jou fènwa va kouvri mwen, Solèy va kouche pou toujou; Men anwo Jezi va pran mwen, P ap gen fènwa, tout tan se jou
Kouplè 4
Fò l vini jou laglwa sa a, Se li ki asirans kè mwen, Senyè, kenbe-m pare pou sa, Nan ou m-mete tout konfyans mwen
