Chant 19

Senyè, fè pitit ou pi sanble ou chak jou

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Senyè, fè pitit ou pi sanble ou chak jou; Ban m pisans Sentespri, pou mwen pa fayi; Ban mwen plis asirans, se fòs mwen ou ye, Konsa m a ret kanpe devan tout danje.

Kouplè 2

Fè m konprann JeziKri, Fè m konprann lanmò li Se li sèl pou mwen wè nan tout sa m ap fè, Jan li te obeyi, sa li te soufri, Tout sa li te sibi pou m te ka frè li.

Kouplè 3

Ban mwen pou m ka fidèl, yon kè ki pa rebèl, Yon kè byen trankil menm nan mitan eprèv, Yon kè k pa gen lògèy, e ki p ap tranble, Yon kè senp, yon kè sansib, plen ak lanmou.

Retour aux chants