Kouplè 1
San Jezikri gen gran valè, Li ban nou padon; Jezi vle sove tout pechè, Delivre l tout bon.
Kè
San an koule pou tout pechè, Rebèl kont Bondye; San Jezikri gen gran valè, Se sa ki rachte m.
Kouplè 2
Èske chay peche ou byen lou ? Èske l wouj kon san? Jezi ka netwaye kè ou, Fè ou pwòp kon li.
Kouplè 3
Kounye a nou kapab antre Nan prezans Bondye, Ak asirans san Jezi Wete tout peche.
Kouplè 4
Ak san sa a nou kapab brize Tout pisans satan; Ak san sa a nou kapab jwenn Lapè pou tout tan.
