Chant 3

Si ou vle kase tout kòd vye peche

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Si ou vle kase tout kòd vye peche, Gen fòs nan san Kris, (2 fwa) Si w vle gen viktwa sou tout mechanste, Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

Kè

Wi, gen fòs, fòs, wi gen fòs anpil Nan san Kris, krisifye; Wi, gen fòs, fòs, wi gen fòs anpil Nan san Kris ki ti mouton Bondye.

Kouplè 2

Si ou vle kite pasyon ak lògèy, Gen fòs nan san Kris; (2 fwa) Sous kalvè a ka lave tout peche, Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

Kouplè 3

Si ou vle jete tout feblès lachè, Gen fòs nan san Kris; (2 fwa) Bon zèv ou p ap fè ou chape lanfè, Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

Kouplè 4

Si ou vle sèvi Bondye fidèlman, Gen fòs nan san Kris, (2 fwa) Moun ki chante glwa li etènèlman, Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

Retour aux chants