Chant 1

Redanmtè mwen mouri sou lakwa

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Redanmtè mwen mouri sou lakwa Pou nou kapab viv si n resevwa l. Li vin rachte tout moun nan peche, Si nou kwè nou p ap janm kondane.

Kè

Lè Bondye wè yon pechè (2 fwa) Ki kouvri avèk peche Met lafwa nan Jezi, Li padone l.

Kouplè 2

A! ou mèt pi mechan sou latè, Kè ou mèt di tankou yon bout fè, Si ou vin jwenn Jezi pou sovè w Tout syèl la kontan, ou delivre.

Kouplè 3

Bondye bon li ban nou Pitit li ; Pandan nou gen lavi, repanti Paske, kòlè Bondye se dife, Kouri, vini, sòti anba malè.

Kouplè 4

Vi ou dwe pwòp tankou Jezikri, San l va lave ou, w a gen Lespri. Vini, vini tan an ape pase Si ou mize twòp, sa ou va fè?

Retour aux chants