Kouplè 1
Gen yon kote mwen ka poze, Se toupre kè Bondye, Nan kote sa a nanpwen peche, Se toupre kè Bondye.
Kè
O Jezi, chè Redanmtè, Ki sot nan kè Bondye, Ede nou tann prezans ou Wi toupre kè Bondye.
Kouplè 2
Gen kote pou nou konsole, Se toupre kè Bondye, Se la n ap jwenn avèk Jezi Wi toupre kè Bondye.
Kouplè 3
Gen kote ki bèl e vrè; Li toupre kè Bondye, Se la nou jwenn lajwa, lapè Wi toupre kè Bondye.
