Kouplè 1
Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a Mwen byen kontan, wi byen kontan ; Mwen gen lapè, lajwa pase tout bagay, Lè m ap sèvi pi gran Wa a.
Kè
M ape sèvi pi gran Wa a, Chak talan m li resevwa; Mwen gen lapè, lajwa, tout bagay, Lè m sèvi pi gran Wa a.
Kouplè 2
Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a Mwen byen kontan, wi byen kontan ; Malgre solèy, malgre nyaj, m ava chante Lè m ap sèvi pi gran Wa a.
Kouplè 3
Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a Mwen byen kontan, wi byen kontan ; M a kite men l dirije mwen pazapa Lè m ap sèvi pi gran Wa a.
Kouplè 4
Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a Mwen byen kontan, wi byen kontan ; Tout sa m genyen, pou travay li m kontan bay, Lè m ap sèvi pi gran Wa a.
