Chant 138

Gen yon fwa nan vil David la

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Gen yon fwa nan vil David la, Nan yon etab pòv tou ba, Yon manman kouche pitit li Nan yon krèch ranje ak pay. Se te Mari bèl manman sa a, Ti pitit la se te Jezi.

Kouplè 2

Li te sòti jouk nan syèl la, Li ki Bondye e Senyè, Li desann jouk nan etab la, Nan krèch la li te dòmi. Jezi, Sovè nou, te vini Fèt sou latè, pòv e janti.

Kouplè 3

E tout tan lè li te piti Li te koute manman li. Li renmen gade l e sèvi l, Li te soumèt devan li. Tout timoun yo ki vle swiv li Dwe toujou soumèt e janti.

Kouplè 4

Jezi se modèl timoun yo, Li te grandi tankou nou; Li te bezwen moun okipe l, Li te kriye, e l souri tou. Lè nou tris, li soufri ak nou; Lè nou jwaye, li kontan tou.

Retour aux chants