Sòm 83
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (083:1) Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. (083:2) O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen! 2 (083:3) Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou! 3 (083:4) Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo. 4 (083:5) Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò! 5 (083:6) Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou. 6 (083:7) Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo, 7 (083:8) moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò. 8 (083:9) Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo. 9 (083:10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou. 10 (083:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a. 11 (083:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou, 12 (083:13) paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou. 13 (083:14) Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale. 14 (083:15) Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo, 15 (083:16) se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo! 16 (083:17) Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou. 17 (083:18) Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri. 18 (083:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 83:1
PSALM 83
Psa 83:1-18. Of Asaph--(See on Psa 74:1, title). The historical occasion is probably that of 2Ch 20:1, 2 (compare Psa 47:1-9; 48:1-14). After a general petition, the craft and rage of the combined enemies are described, God's former dealings recited, and a like summary and speedy destruction on them is invoked.
1. God addressed as indifferent (compare Psa 35:22; 39:12).
be not still--literally, "not quiet," as opposed to action.
Sòm 83:2
Sòm 83:3
Sòm 83:4
Sòm 83:5
5. they have consulted--with heart, or cordially.
together--all alike.
Sòm 83:6-8
Sòm 83:9-11
Sòm 83:12
Sòm 83:13
Sòm 83:14-15
14-15. Pursue them to an utter destruction.
Sòm 83:16
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
