Sòm 84
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (084:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. (084:2) Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa! 2 (084:3) Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an. 3 (084:4) Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen! 4 (084:5) Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou. 5 (084:6) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an! 6 (084:7) Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl. 7 (084:8) Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an. 8 (084:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m'. 9 (084:10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an! 10 (084:11) Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo. 11 (084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay. 12 (084:13) Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 84:1
PSALM 84
Psa 84:1-12. (See on Psa 8:1, title, and Psa 42:1, title). The writer describes the desirableness of God's worship and prays for a restoration to its privileges.
1. amiable--not lovely, but beloved.
tabernacles--(Psa 43:3).
Sòm 84:2
2. longeth--most intensely (Ge 31:30; Psa 17:12).
fainteth--exhausted with desire.
courts--as tabernacles (Psa 84:1)--the whole building.
crieth out--literally, "sings for joy"; but here, and La 2:19, expresses an act of sorrow as the corresponding noun (Psa 17:1; 61:2).
heart and ... flesh--as in Psa 63:1.
Sòm 84:3
3. thine altars--that is, of burnt offering and incense, used for the whole tabernacle. Its structure afforded facilities for sparrows and swallows to indulge their known predilections for such places. Some understand the statement as to the birds as a comparison: "as they find homes, so do I desire thine altars," &c.
Sòm 84:4
Sòm 84:5
Sòm 84:6
6. valley of Baca--or, "weeping." Through such, by reason of their dry and barren condition, the worshippers often had to pass to Jerusalem. As they might become wells, or fountains, or pools, supplied by refreshing rain, so the grace of God, by the exercises of His worship, refreshes and revives the hearts of His people, so that for sorrows they have "rivers of delight" (Psa 36:8; 46:4).
Sòm 84:7
7. The figure of the pilgrim is carried out. As such daily refit their bodily strength till they reach Jerusalem, so the spiritual worshipper is daily supplied with spiritual strength by God's grace till he appears before God in heaven.
appeareth ... God--the terms of the requisition for the attendance on the feasts (compare De 16:16),
Sòm 84:9
Sòm 84:10
10. I had ... doorkeeper--literally, "I choose to sit on the threshold," the meanest place.
Sòm 84:11-12
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
