Sòm 80
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la. 2 (080:3) Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou. 3 (080:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. 4 (080:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou? 5 (080:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè. 6 (080:7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib. 7 (080:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. 8 (080:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo. 9 (080:10) Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a. 10 (080:11) Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo. 11 (080:12) Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat. 12 (080:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo? 13 (080:14) Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo. 14 (080:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non! 15 (080:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a. 16 (080:17) Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri! 17 (080:18) Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a! 18 (080:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou! 19 (080:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 80:1-2
PSALM 80
Psa 80:1-19. Shoshannim--"Lilies" (see on Psa 45:1, title). Eduth--Testimony, referring to the topic as a testimony of God to His people (compare Psa 19:7). This Psalm probably relates to the captivity of the ten tribes, as the former to that of Judah. Its complaint is aggravated by the contrast of former prosperity, and the prayer for relief occurs as a refrain through the Psalm.
1-2. Joseph--for Ephraim (1Ch 7:20-29; Psa 78:67; Re 7:8), for Israel.
Shepherd--(Compare Ge 49:24).
leadest, &c.--(Psa 77:20).
dwellest ... cherubim--(Ex 25:20); the place of God's visible glory, whence He communed with the people (He 9:5).
Sòm 80:3
3. Turn us--that is, from captivity.
thy face to shine--(Nu 6:25).
Sòm 80:4
4. be angry--(Compare Margin.)
Sòm 80:5
5. bread of tears--still an Eastern figure for affliction.
Sòm 80:6
Sòm 80:8-11
8-11. brought--or, "plucked up," as by roots, to be replanted.
a vine--(Psa 78:47). The figure (Is 16:8) represents the flourishing state of Israel, as predicted (Ge 28:14), and verified (1Ki 4:20-25).
Sòm 80:12
12. hedges--(Is 5:5).
Sòm 80:13
13. The boar--may represent the ravaging Assyrian and
the wild beast--other heathen.
Sòm 80:14-15
14-15. visit this vine--favorably (Psa 8:4).
Sòm 80:16
16. it--the "vine" or
they--the "people" are suffering from Thy displeasure.
Sòm 80:17
Sòm 80:18
Sòm 80:19
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
