Sòm 79

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch. 2 Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje. 3 Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo! 4 Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib. 5 Seyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 6 Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. 7 Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a. 8 Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt. 9 O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou. 10 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule! 11 Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non. 12 Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo. 13 Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 79:1

PSALM 79

Psa 79:1-13. This Psalm, like the seventy-fourth, probably depicts the desolations of the Chaldeans (Jr 52:12-24). It comprises the usual complaint, prayer, and promised thanks for relief.

1. (Compare Psa 74:2-7).

Sòm 79:6-7

6-7. (Compare Jr 10:25). Though we deserve much, do not the heathen deserve more for their violence to us (Jr 51:3-5; Zec 1:14)? The singular denotes the chief power, and the use of the plural indicates the combined confederates.

called upon--or, "by"

thy name--proclaimed Thy attributes and professed allegiance (Is 12:4; Ac 2:21).

Sòm 79:8

8. former iniquities--literally, "iniquities of former times."

prevent us--literally, "meet us," as in Psa 21:3.

Sòm 79:9

9. for ... glory of thy name [and for] thy name's sake--both mean for illustrating Thy attributes, faithfulness, power, &c.

purge ... sins--literally, "provide atonement for us." Deliverance from sin and suffering, for their good and God's glory, often distinguish the prayers of Old Testament saints (compare Ep 1:7).

Sòm 79:11

11. prisoner--the whole captive people.

power--literally, "arm" (Psa 10:15).

Sòm 79:12

12. into their bosom--The lap or folds of the dress is used by Eastern people for receiving articles. The figure denotes retaliation (compare Is 65:6, 7). They reproached God as well as His people.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.