Sòm 74
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo? 2 Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a! 3 vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a. 4 Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo. 5 Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak. 6 Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato. 7 Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè. 8 Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a! 9 Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje. 10 Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou? 11 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze? 12 Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè. 13 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo. 14 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'. 15 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch. 16 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo. 17 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi. 18 Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou! 19 Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt. 20 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen. 21 Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou. 22 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen! 23 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 74:1
PSALM 74
Psa 74:1-23. If the historical allusions of Psa 74:6-8, &c., be referred, as is probable, to the period of the captivity, the author was probably a descendant and namesake of Asaph, David's contemporary and singer (compare 2Ch 35:15; Ezr 2:41). He complains of God's desertion of His Church, and appeals for aid, encouraging himself by recounting some of God's mighty deeds, and urges his prayer on the ground of God's covenant relation to His people, and the wickedness of His and their common enemy.
1. cast ... off--with abhorrence (compare Psa 43:2; 44:9). There is no disavowal of guilt implied. The figure of fire to denote God's anger is often used; and here, and in De 29:20, by the word "smoke," suggests its continuance.
Sòm 74:2
2. The terms to denote God's relation to His people increase in force: "congregation"--"purchased"--"redeemed"--"Zion," His dwelling.
Sòm 74:3
Sòm 74:4
4. roar--with bestial fury.
congregations--literally, "worshipping assemblies."
ensigns--literally, "signs"--substituted their idolatrous objects, or tokens of authority, for those articles of the temple which denoted God's presence.
Sòm 74:5-6
5-6. Though some terms and clauses here are very obscure, the general sense is that the spoilers destroyed the beauties of the temple with the violence of woodmen.
was famous--literally, "was known."
Sòm 74:7
7. defiled--or, "profaned," as in Psa 89:39.
Sòm 74:8
8. together--at once, all alike.
synagogues--literally, "assemblies," for places of assembly, whether such as schools of the prophets (2Ki 4:23), or "synagogues" in the usual sense, there is much doubt.
Sòm 74:9
9. signs--of God's presence, as altar, ark, &c. (compare Psa 74:4; 2Ch 36:18, 19; Da 5:2).
no more any prophet--(Is 3:2; Jr 40:1; 43:6).
how long--this is to last. Jeremiah's prophecy (Jr 25:11), if published, may not have been generally known or understood. To the bulk of the people, during the captivity, the occasional and local prophetical services of Jeremiah, Ezekiel, and Daniel would not make an exception to the clause, "there is no more any prophet."
Sòm 74:10
Sòm 74:11
Sòm 74:12
12. For--literally, "And," in an adversative sense.
Sòm 74:13-15
Sòm 74:16-17
16-17. The fixed orders of nature and bounds of earth are of God.
Sòm 74:18
Sòm 74:19
19. multitude--literally, "beast," their flock or company of men (Psa 68:10).
turtledove--that is, the meek and lonely Church.
congregation--literally, "the company," as above--thus the Church is represented as the spoiled and defeated remnant of an army, exposed to violence.
Sòm 74:20
Sòm 74:21
Sòm 74:22-23
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
