Sòm 75
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (075:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. (075:2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo! 2 (075:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt. 3 (075:4) Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm. 4 (075:5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans! 5 (075:6) Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la! 6 (075:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid. 7 (075:8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt. 8 (075:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak. 9 (075:10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li. 10 (075:11) L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 75:1
PSALM 75
Psa 75:1-10. Al-taschith--(See on Psa 57:1, title). In impending danger, the Psalmist, anticipating relief in view of God's righteous government, takes courage and renders praise.
1. God's name or perfections are set forth by His wondrous works.
Sòm 75:2-3
2-3. These verses express the purpose of God to administer a just government, and in a time of anarchy that He sustains the nation. Some apply the words to the Psalmist.
receive the congregation--literally, "take a set time" (Psa 102:13; Ho 2:3), or an assembly at a set time--that is, for judging.
Sòm 75:4-8
4-8. Here the writer speaks in view of God's declaration, warning the wicked.
Lift ... up the horn--to exalt power, here, of the wicked himself--that is, to be arrogant or self-elated.
Sòm 75:9-10
9-10. Contrasted is the lot of the pious who will praise God, and, acting under His direction, will destroy the power of the wicked, and exalt that of the righteous.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
