Sòm 73

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo. 2 Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe, 3 paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz. 4 Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra. 5 Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen. 6 Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun. 7 Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo. 8 Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun. 9 Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans. 10 Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo. 11 Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen? 12 Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches. 13 Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè? 14 Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen. 15 Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo. 16 Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen, 17 jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini. 18 Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini. 19 Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè. 20 Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa. 21 Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil. 22 Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou. 23 Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe. 24 Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou. 25 Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè. 26 Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen. 27 Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou. 28 Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 73:1

PSALM 73

Psa 73:1-28. Of Asaph--(see Introduction). God is good to His people. For although the prosperity of the wicked, and the afflictions of the righteous, tempted the Psalmist to misgivings of God's government, yet the sudden and fearful ruin of the ungodly, seen in the light of God's revelation, reassures his heart; and, chiding himself for his folly, he is led to confide renewedly in God, and celebrate His goodness and love.

1. The abrupt announcement of the theme indicates that it is the conclusion of a perplexing mental conflict, which is then detailed (compare Jr 12:1-4).

Truly--or, "Surely it is so."

clean heart--(Psa 18:26) describes the true Israel.

Sòm 73:2

2. The figures express his wavering faith, by terms denoting tottering and weakness (compare Psa 22:5; 62:3).

Sòm 73:3-9

3-9. The prosperous wicked are insolently proud (compare Psa 5:5). They die, as well as live, free from perplexities: pride adorns them, and violence is their clothing; indeed they are inflated with unexpected success. With all this--

Sòm 73:10-12

10-12. Hence God's people are confounded, turned hither (or back) and thither, perplexed with doubts of God's knowledge and care, and filled with sorrow.

Sòm 73:13-14

13-14. The Psalmist, partaking of these troubles, is especially disturbed in view of his own case, that with all his diligent efforts for a holy life, he is still sorely tried.

Sòm 73:15

15. Freed from idiomatic phrases, this verse expresses a supposition, as, "Had I thus spoken, I should," &c., intimating that he had kept his troubles to himself.

generation of thy children--Thy people (1Jo 3:1).

offend--literally, "deceive, mislead."

Sòm 73:16-17

16-17. Still he--

thought--literally, "studied," or, "pondered this riddle"; but in vain; it remained a toil (compare Margin), till he--

Sòm 73:18-20

18-20. their end--future (Psa 37:37, 38), which is dismal and terribly sudden (Pr 1:27; 29:1), aggravated and hastened by terror. As one despises an unsubstantial dream, so God, waking up to judgment (Psa 7:6; 44:23), despises their vain shadow of happiness (Psa 39:6; Is 29:7). They are thrown into ruins as a building falling to pieces (Psa 74:3).

Sòm 73:21-22

21-22. He confesses how--

foolish--literally, "stupid," and

ignorant--literally, "not discerning," had been his course of thought.

Sòm 73:23

23. Still he was with God, as a dependent beneficiary, and so kept from falling (Psa 73:2).

Sòm 73:24

24. All doubts are silenced in confidence of divine guidance and future glory.

receive me to glory--literally, "take for (me) glory" (compare Psa 68:18; Ep 4:8).

Sòm 73:25-26

25-26. God is his only satisfying good.

Sòm 73:27-28

27-28. The lot of apostates, described by a figure of frequent use (Jr 3:1, 3; Eze 23:35), is contrasted with his, who finds happiness in nearness to God (Jas 4:8), and his delightful work the declaration of His praise.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.