Sòm 70

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 (070:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (070:2) Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè! 2 (070:3) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont. 3 (070:4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont. 4 (070:5) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa! 5 (070:6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 70 — Entwodiksyon

PSALM 70

Psa 70:1-5. This corresponds to Psa 40:13-17 with a very few variations, as "turn back" (Psa 70:3) for "desolate," and "make haste unto me" (Psa 70:5) for "thinketh upon me." It forms a suitable appendix to the preceding, and is called "a Psalm to bring to remembrance," as the thirty-eighth [see on Psa 38:1, title].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.