Sòm 69
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (069:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. (069:2) Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen. 2 (069:3) M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen. 3 (069:4) Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an. 4 (069:5) Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran. 5 (069:6) Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou. 6 (069:7) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont. 7 (069:8) Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'. 8 (069:9) Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo. 9 (069:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure. 10 (069:11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa. 11 (069:12) Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib. 12 (069:13) Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen. 13 (069:14) Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou. 14 (069:15) Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an. 15 (069:16) Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen. 16 (069:17) Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib. 17 (069:18) Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka. 18 (069:19) vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo. 19 (069:20) Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo. 20 (069:21) Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt. 21 (069:22) Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen. 22 (069:23) Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo. 23 (069:24) Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò! 24 (069:25) Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo! 25 (069:26) Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò. 26 (069:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a. 27 (069:28) Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo. 28 (069:29) Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo. 29 (069:30) Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò. 30 (069:31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa. 31 (069:32) Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn. 32 (069:33) Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo. 33 (069:34) Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon. 34 (069:35) Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye. 35 (069:36) L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo. 36 (069:37) Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 69:1-2
PSALM 69
Psa 69:1-36. Upon Shoshannim--(See on Psa 45:1, title). Mingling the language of prayer and complaint, the sufferer, whose condition is here set forth, pleads for God's help as one suffering in His cause, implores the divine retribution on his malicious enemies, and, viewing his deliverance as sure, promises praise by himself, and others, to whom God will extend like blessings. This Psalm is referred to seven times in the New Testament as prophetical of Christ and the gospel times. Although the character in which the Psalmist appears to some in Psa 69:5 is that of a sinner, yet his condition as a sufferer innocent of alleged crimes sustains the typical character of the composition, and it may be therefore regarded throughout, as the twenty-second, as typically expressive of the feelings of our Saviour in the flesh.
1-2. (Compare Psa 40:2).
come in unto my soul--literally, "come even to my soul," endanger my life by drowning (Jon 2:5).
Sòm 69:3
3. (Compare Psa 6:6).
mine eyes fail--in watching (Psa 119:82).
Sòm 69:4
Sòm 69:5
5. This may be regarded as an appeal, vindicating his innocence, as if he had said, "If sinful, thou knowest," &c. Though David's condition as a sufferer may typify Christ's, without requiring that a parallel be found in character.
Sòm 69:6
6. for my sake--literally, "in me," in my confusion and shame.
Sòm 69:7-12
Sòm 69:13-15
13-15. With increasing reliance on God, he prays for help, describing his distress in the figures of Psa 69:1, 2.
Sòm 69:16-18
Sòm 69:19-20
Sòm 69:21
Sòm 69:22-23
22-23. With unimportant verbal changes, this language is used by Paul to describe the rejection of the Jews who refused to receive the Saviour (Ro 11:9, 10). The purport of the figures used is that blessings shall become curses, the "table" of joy (as one of food) a "snare," their
welfare--literally, "peaceful condition," or security, a "trap." Darkened eyes and failing strength complete the picture of the ruin falling on them under the invoked retribution.
Sòm 69:24-25
24-25. An utter desolation awaits them. They will not only be driven from their homes, but their homes--or, literally, "palaces," indicative of wealth--shall be desolate (compare Mt 23:38).
Sòm 69:26
Sòm 69:27-28
27-28. iniquity--or, "punishment of iniquity" (Psa 40:12).
come ... righteousness--partake of its benefits.
Sòm 69:29
Sòm 69:30-31
Sòm 69:32-33
Sòm 69:34-36
34-36. The call on the universe for praise is well sustained by the prediction of the perpetual and extended blessings which shall come upon the covenant-people of God. Though, as usual, the imagery is taken from terms used of Palestine, the whole tenor of the context indicates that the spiritual privileges and blessings of the Church are meant.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
