Sòm 71
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont! 2 Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou! 3 Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen. 4 Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo. 5 Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason. 6 Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou. 7 Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou. 8 Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa. 9 Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'. 10 Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'. 11 Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'. 12 Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou. 13 Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen. 14 M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. 15 M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann. 16 Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa. 17 Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo. 18 Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan, 19 jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou! 20 Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a. 21 W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò. 22 Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la. 23 M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'. 24 Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 71:1-3
PSALM 71
Psa 71:1-24. The Psalmist, probably in old age, appeals to God for help from his enemies, pleading his past favors, and stating his present need; and, in confidence of a hearing, he promises his grateful thanks and praise.
1-3. (Compare Psa 30:1-3).
Sòm 71:4-5
4-5. cruel man--corrupt and ill-natured--literally, "sour."
Sòm 71:6-9
6-9. His history from early infancy illustrated God's care, and his wonderful deliverances were at once occasions of praise and ground of confidence for the future.
my praise ... of thee--literally, "in" or "by Thee" (Psa 22:25).
Sòm 71:10-11
Sòm 71:12
Sòm 71:13
Sòm 71:14-16
14-16. The ruin of his enemies, as illustrating God's faithfulness, is his deliverance, and a reason for future confidence.
Sòm 71:17-21
17-21. Past experience again encourages.
taught me, &c.--by providential dealings.
Sòm 71:22-24
22-24. To the occasion of praise he now adds the promise to render it.
will ... praise--literally, "will thank."
even thy truth--as to Thy truth or faithfulness.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
