Sòm 68
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (068:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante. (068:2) Lè Bondye kanpe, lènmi l' yo gaye, moun ki rayi l' yo kouri lè l' parèt. 2 (068:3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye. 3 (068:4) Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil. 4 (068:5) Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou. 5 (068:6) Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo. 6 (068:7) Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon. 7 (068:8) O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a, 8 (068:9) tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la. 9 (068:10) Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li. 10 (068:11) Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè. 11 (068:12) Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la: 12 (068:13-)Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè. 13 (068:14) Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò. 14 (068:15) Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon. 15 (068:16) Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an! 16 (068:17) Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan. 17 (068:18) Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a. 18 (068:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo. 19 (068:20) Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou. 20 (068:21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a. 21 (068:22) Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche. 22 (068:23) Seyè di: -M'ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a. 23 (068:24) pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo. 24 (068:25) Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a. 25 (068:26) Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren. 26 (068:27) Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l' reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo! 27 (068:28) Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo. 28 (068:29) Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an! 29 (068:30) Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou. 30 (068:31) Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri! 31 (068:32) Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye. 32 (068:33) Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a, 33 (068:34) pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò. 34 (068:35) L'ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L'ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa. 35 (068:36) Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 68:1-3
PSALM 68
Psa 68:1-35. This is a Psalm-song (see on Psa 30:1, title), perhaps suggested by David's victories, which secured his throne and gave rest to the nation. In general terms, the judgment of God on the wicked, and the equity and goodness of His government to the pious, are celebrated. The sentiment is illustrated by examples of God's dealings, cited from the Jewish history and related in highly poetical terms. Hence the writer intimates an expectation of equal and even greater triumphs and summons all nations to unite in praises of the God of Israel. The Psalm is evidently typical of the relation which God, in the person of His Son, sustains to the Church (compare Psa 68:18).
1-3. Compare Nu 10:35; Psa 1:4; 22:14, on the figures here used.
before him--as in Psa 68:2, from His presence, as dreaded; but in Psa 68:3, in His presence, as under His protection (Psa 61:7).
Sòm 68:4
4. extol him ... heavens--literally, "cast up for Him who rideth in the deserts," or "wilderness" (compare Psa 68:7), alluding to the poetical representation of His leading His people in the wilderness as a conqueror, before whom a way is to be prepared, or "cast up" (compare Is 40:3; 62:10).
by his name JAH--or, "Jehovah," of which it is a contraction (Ex 15:3; Is 12:2) (Hebrew).
Sòm 68:5-6
5-6. are illustrated by the protection to the helpless, vindication of the innocent, and punishment of rebels, ascribed to Him.
Sòm 68:7-8
7-8. (Compare Ex 19:16-18).
thou wentest--in the pillar of fire.
thou didst march--literally, "in Thy tread," Thy majestic movement.
Sòm 68:9-10
9-10. a plentiful rain--a rain of gifts, as manna and quails.
Sòm 68:11
11. gave the word--that is, of triumph.
company--or, choir of females, celebrating victory (Ex 15:20).
Sòm 68:12
12. Kings of armies--that is, with their armies.
she that ... at home--Mostly women so remained, and the ease of victory appears in that such, without danger, quietly enjoyed the spoils.
Sòm 68:13
13. Some translate this, "When ye shall lie between the borders, ye shall," &c., comparing the peaceful rest in the borders or limits of the promised land to the proverbial beauty of a gentle dove. Others understand by the word rendered "pots," the smoked sides of caves, in which the Israelites took refuge from enemies in the times of the judges; or, taking the whole figuratively, the rows of stones on which cooking vessels were hung; and thus that a contrast is drawn between their former low and afflicted state and their succeeding prosperity. In either case, a state of quiet and peace is described by a beautiful figure.
Sòm 68:14
14. Their enemies dispersed, the contrast of their prosperity with their former distress is represented by that of the snow with the dark and somber shades of Salmon.
Sòm 68:15-16
Sòm 68:17
17. and, to the assertion of God's purpose to make it His dwelling, is added evidence of His protecting care. He is described as in the midst of His heavenly armies--
thousands of angels--literally, "thousands of repetitions," or, "thousands of thousands"--that is, of chariots. The word "angels" was perhaps introduced in our version, from De 33:2, and Ga 3:19. They are, of course, implied as conductors of the chariots.
as ... Sinai, in the holy place--that is, He has appeared in Zion as once in Sinai.
Sòm 68:18
18. From the scene of conquest He ascends to His throne, leading--
captivity captive--or, "many captives captive" (Jud 5:12).
received gifts for men--accepting their homage, even when forced, as that of rebels.
that the Lord God might dwell--or literally, "to dwell, O Lord God" (compare Psa 68:16)--that is, to make this hill, His people or Church, His dwelling. This Psalm typifies the conquests of the Church under her divine leader, Christ. He, indeed, "who was with the Church in the wilderness" (Ac 7:38) is the Lord, described in this ideal ascension. Hence Paul (Ep 4:8) applies this language to describe His real ascension, when, having conquered sin, death, and hell, the Lord of glory triumphantly entered heaven, attended by throngs of adoring angels, to sit on the throne and wield the scepter of an eternal dominion. The phrase "received gifts for (or literally, among) men" is by Paul, "gave gifts to men." Both describe the acts of a conqueror, who receives and distributes spoils. The Psalmist uses "receiving" as evincing the success, Paul "gave" as the act, of the conqueror, who, having subdued his enemies, proceeds to reward his friends. The special application of the passage by Paul was in proof of Christ's exaltation. What the Old Testament represents of His descending and ascending corresponds with His history. He who descended is the same who has ascended. As then ascension was an element of His triumph, so is it now; and He, who, in His humiliation, must be recognized as our vicarious sacrifice and the High Priest of our profession, must also be adored as Head of His Church and author of all her spiritual benefits.
Sòm 68:19-21
19-21. God daily and fully supplies us. The issues or escapes from death are under His control, who is the God that saves us, and destroys His and our enemies.
Sòm 68:22
22. Former examples of God's deliverance are generalized: as He has done, so He will do.
from Bashan--the farthest region; and--
depths of the sea--the severest afflictions. Out of all, God will bring them. The figures of Psa 68:23 denote the completeness of the conquest, not implying any savage cruelty (compare 2Ki 9:36; Is 63:1-6; Jr 15:3).
Sòm 68:24-27
24-27. The triumphal procession, after the deliverance, is depicted.
They have seen--impersonally, "There have been seen."
the goings of my God--as leading the procession; the ark, the symbol of His presence, being in front. The various bands of music (Psa 68:25) follow, and all who are--
Sòm 68:28-29
28-29. Thanks for the past, and confident prayer for the future victories of Zion are mingled in a song of praise.
Sòm 68:30
30. The strongest nations are represented by the strongest beasts (compare Margin).
Sòm 68:31
31. Princes--or, literally, "fat ones," the most eminent from the most wealthy, and the most distant nation, represent the universal subjection.
stretch out her hands--or, "make to run her hands," denoting haste.
Sòm 68:32-35
32-36. To Him who is presented as riding in triumph through His ancient heavens and proclaiming His presence--to Him who, in nature, and still more in the wonders of His spiritual government, out of His holy place (Psa 43:3), is terrible, who rules His Church, and, by His Church, rules the world in righteousness--let all nations and kingdoms give honor and power and dominion evermore.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
