Sòm 67
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (067:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. (067:2) Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou, 2 (067:3) pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm. 3 (067:4) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou. 4 (067:5) Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè. 5 (067:6) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou. 6 (067:7) Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou. 7 (067:8) Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 67:1
PSALM 67
Psa 67:1-7. A prayer that, by God's blessing on His people, His salvation and praise may be extended over the earth.
1. cause his face to shine--show us favor (Nu 6:24, 25; Psa 31:16).
Sòm 67:2
2. thy way--of gracious dealing (Is 55:8), as explained by--
saving health--or literally, "salvation."
Sòm 67:3-5
Sòm 67:6-7
6-7. The blessings of a fruitful harvest are mentioned as types of greater and spiritual blessings, under which all nations shall fear and love God.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
