Sòm 64
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (064:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (064:2) Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo. 2 (064:3) Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo. 3 (064:4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon. 4 (064:5) Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen. 5 (064:6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou? 6 (064:7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè. 7 (064:8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese. 8 (064:9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz. 9 (064:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè. 10 (064:11) Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 64:1
PSALM 64
Psa 64:1-10. A prayer for deliverance from cunning and malicious enemies, with a confident view of their overthrow, which will honor God and give joy to the righteous.
1. preserve ... fear--as well as the danger producing it.
Sòm 64:2
2. insurrection--literally, "uproar," noisy assaults, as well as their secret counsels.
Sòm 64:3-4
Sòm 64:5
5. A sentiment here more fully presented, by depicting their deliberate malice.
Sòm 64:6
6. This is further evinced by their diligent efforts and deeply laid schemes.
Sòm 64:7
7. The contrast is heightened by representing God as using weapons like theirs.
Sòm 64:8
Sòm 64:9-10
9-10. Men, generally, will acknowledge God's work, and the righteous, rejoicing in it, shall be encouraged to trust Him (Psa 58:10).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
