Sòm 65
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (065:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. (065:2) Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a. 2 (065:3) Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou, 3 (065:4) pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo. 4 (065:5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a. 5 (065:6) Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou. 6 (065:7) Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa. 7 (065:8) Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move. 8 (065:9) Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan. 9 (065:10) Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a: 10 (065:11) Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen. 11 (065:12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite! 12 (065:13) Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan. 13 (065:14) Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 65:1
PSALM 65
Psa 65:1-13. This is a song of praise for God's spiritual blessings to His people and His kind providence over all the earth.
1. Praise waiteth for thee--literally, "To Thee silence praise," or (compare Psa 62:1), To Thee silence is praise--that is, Praise is waiting as a servant; it is due to Thee. So the last clause expresses the duty of paying vows. These two parts of acceptable worship, mentioned in Psa 50:14, are rendered in Zion, where God chiefly displays His mercy and receives homage.
Sòm 65:2
2. All are encouraged to pray by God's readiness to hear.
Sòm 65:3
3. God's mercy alone delivers us from the burden of iniquities, by purging or expiating by an atonement the transgressions with which we are charged, and which are denoted by--
Iniquities--or, literally, "Words of iniquities."
Sòm 65:4
Sòm 65:5
5. terrible things--that is, by the manifestation of justice and wrath to enemies, accompanying that of mercy to His people (Psa 63:9-11; 64:7-9).
the confidence--object of it.
of all ... earth--the whole world; that is, deservedly such, whether men think so or not.
Sòm 65:6-13
6-13. God's great power and goodness are the grounds of this confidence. These are illustrated in His control of the mightiest agencies of nature and nations affecting men with awe and dread (Psa 26:7; 98:1, &c.), and in His fertilizing showers, causing the earth to produce abundantly for man and beast.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
