Sòm 53

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 (053:1) Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. (053:2) Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. 2 (053:3) Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. 3 (053:4) Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo. 4 (053:5) Bondye di: -Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen. 5 (053:6) Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo. 6 (053:7) Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 53:1-4

PSALM 53

Psa 53:1-6. Upon Mahalath--(See on Psa 88:1, title). Why this repetition of the fourteenth Psalm is given we do not know.

1-4. with few verbal changes, correspond with Psa 14:1-4.

Sòm 53:5

5. Instead of assurances of God's presence with the pious, and a complaint of the wicked, Psa 14:5, 6 portrays the ruin of the latter, whose "bones" even "are scattered" (compare Psa 141:7), and who are put to shame as contemptuously rejected of God.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.