Sòm 52
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (052:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri (052:2) lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. (052:3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje. 2 (052:4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun. 3 (052:5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite. 4 (052:6) Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè! 5 (052:7) Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo. 6 (052:8) Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di: 7 (052:9-)Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal. 8 (052:10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen. 9 (052:11) M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 52:1
PSALM 52
Psa 52:1-9. Compare 1Sa 21:1-10; 22:1-10, for the history of the title. Psa 52:1 gives the theme; the boast of the wicked over the righteous is vain, for God constantly cares for His people. This is expanded by describing the malice and deceit, and then the ruin, of the wicked, and the happy state of the pious.
1. mighty man--literally, "hero." Doeg may be thus addressed, ironically, in respect of his might in slander.
Sòm 52:2
Sòm 52:4
Sòm 52:5
5. likewise--or, "so," "also," as you have done to others God will do to you (Psa 18:27). The following terms describe the most entire ruin.
Sòm 52:6
6. shall ... fear--regard with religious awe.
laugh at him--for his folly;
Sòm 52:7
Sòm 52:8
Sòm 52:9
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
