Sòm 51
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (051:1) Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a (051:2) lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. (051:3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. 2 (051:4) Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan. 3 (051:5) Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'. 4 (051:6) Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije. 5 (051:7) Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'. 6 (051:8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non! 7 (051:9) Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton. 8 (051:10) Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò. 9 (051:11) Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. 10 (051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm. 11 (051:13) Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. 12 (051:14) Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan. 13 (051:15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou. 14 (051:16) Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè. 15 (051:17) Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou. 16 (051:18) Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo. 17 (051:19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li. 18 (051:20) O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo. 19 (051:21) Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 51:1-4
PSALM 51
Psa 51:1-19. On the occasion, compare 2Sa 11:12. The Psalm illustrates true repentance, in which are comprised conviction, confession, sorrow, prayer for mercy, and purposes of amendment, and it is accompanied by a lively faith.
1-4. A plea for mercy is a confession of guilt.
blot out--as from a register.
Sòm 51:5-6
5-6. His guilt was aggravated by his essential, native sinfulness, which is as contrary to God's requisitions of inward purity as are outward sins to those for right conduct.
Sòm 51:7-12
7-12. A series of prayers for forgiveness and purifying.
Purge ... hyssop--The use of this plant in the ritual (Ex 12:22; Nu 19:6, 18) suggests the idea of atonement as prominent here; "purge" refers to vicarious satisfaction (Nu 19:17-20).
Sòm 51:13
Sòm 51:14
Sòm 51:15
15. open ... lips--by removing my sense of guilt.
Sòm 51:16
16. Praise is better than sacrifice (Psa 50:14), and implying faith, penitence, and love, glorifies God. In true penitents the joys of pardon mingle with sorrow for sin.
Sòm 51:18
18. Do good, &c.--Visit not my sin on Thy Church.
build ... walls--is to show favor; compare Psa 89:40, for opposite form and idea.
Sòm 51:19
19. God reconciled, material sacrifices will be acceptable (Psa 4:5; compare Is 1:11-17).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
