Sòm 50
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble. 2 Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an. 3 Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega. 4 Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a. 5 Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen. 6 Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij! 7 Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou. 8 Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo. 9 Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou. 10 Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou. 11 Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye. 12 Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye. 13 Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit? 14 Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la. 15 Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen. 16 Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou? 17 Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo. 18 Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo. 19 Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay. 20 Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou. 21 Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou. 22 Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou. 23 Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 50:1-4
PSALM 50
Psa 50:1-23. In the grandeur and solemnity of a divine judgment, God is introduced as instructing men in the nature of true worship, exposing hypocrisy, warning the wicked, and encouraging the pious.
1-4. The description of this majestic appearance of God resembles that of His giving the law (compare Ex 19:16; 20:18; De 32:1).
Sòm 50:5
Sòm 50:6
6. The inhabitants of heaven, who well know God's character, attest His righteousness as a judge.
Sòm 50:7
7. I will testify--that is, for failure to worship aught.
thy God--and so, by covenant as well as creation, entitled to a pure worship.
Sòm 50:8-15
8-15. However scrupulous in external worship, it was offered as if they conferred an obligation in giving God His own, and with a degrading view of Him as needing it [Psa 50:9-13]. Reproving them for such foolish and blasphemous notions, He teaches them to offer, or literally, "sacrifice," thanksgiving, and pay, or perform, their vows--that is, to bring, with the external symbolical service, the homage of the heart, and faith, penitence, and love. To this is added an invitation to seek, and a promise to afford, all needed help in trouble.
Sòm 50:16-20
16-20. the wicked--that is, the formalists, as now exposed, and who lead vicious lives (compare Ro 2:21, 23). They are unworthy to use even the words of God's law. Their hypocrisy and vice are exposed by illustrations from sins against the seventh, eighth, and ninth commandments.
Sòm 50:21-22
21-22. God, no longer (even in appearance) disregarding such, exposes their sins and threatens a terrible punishment.
Sòm 50:23
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
