Sòm 33
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li. 2 Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li. 3 Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò. 4 Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la. 5 Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè. 6 Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt. 7 Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa. 8 Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li. 9 Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt. 10 Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè. 11 Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt. 12 Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la! 13 Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun. 14 Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a. 15 Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè. 16 Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo. 17 Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn. 18 Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo. 19 L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a. 20 Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou. 21 Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa. 22 Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 33:1-3
PSALM 33
Psa 33:1-22. A call to lively and joyous praise to God for His glorious attributes and works, as displayed in creation, and His general and special providence, in view of which, the Psalmist, for all the pious, professes trust and joy and invokes God's mercy.
1-3. The sentiment falls in with Psa 32:11 (compare 1Co 14:15). The instruments (Psa 92:3; 144:9) do not exclude the voice.
Sòm 33:4-9
4-9. Reasons for praise: first, God's truth, faithfulness, and mercy, generally; then, His creative power which all must honor.
Sòm 33:10-11
10-11. In God's providence He thwarts men's purposes and executes His own.
heathen--literally, "nations."
Sòm 33:12-19
12-19. The inference from the foregoing in Psa 33:12 is illustrated by God's special providence, underlying which is His minute knowledge of all men.
Sòm 33:20-22
20-22. waiteth--in earnest expectation.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
