Sòm 34

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 (034:1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. (034:2) Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li. 2 (034:3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. 3 (034:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm! 4 (034:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo. 5 (034:6) Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont. 6 (034:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray. 7 (034:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje. 8 (034:9) Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li! 9 (034:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen. 10 (034:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen. 11 (034:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a. 12 (034:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan? 13 (034:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. 14 (034:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun. 15 (034:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'. 16 (034:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo. 17 (034:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray. 18 (034:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. 19 (034:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo. 20 (034:21) L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze. 21 (034:22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. 22 (034:23) Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 34:1-4

PSALM 34

Psa 34:1-22. On the title compare 1Sa 21:13. Abimelech was the general name of the sovereign (Ge 20:2). After celebrating God's gracious dealings with him, the Psalmist exhorts others to make trial of His providential care, instructing them how to secure it. He then contrasts God's care of His people and His punitive providence towards the wicked.

1-4. Even in distress, which excites supplication, there is always matter for praising and thanking God (compare Ep 5:20; Php 4:6).

Sòm 34:5-7

5-7. God's favor to the pious generally, and to himself specially, is celebrated.

looked--with desire for help.

lightened--or, "brightened," expressing joy, opposed to the downcast features of those who are ashamed or disappointed (Psa 25:2, 3).

Sòm 34:8

8. taste and see--try and experience.

Sòm 34:9

9. that fear him--who are pious--fear and love (Pr 1:7; 9:10).

saints--consecrated to His service (Is 40:31).

Sòm 34:10

10. not want any good--"good" is emphatic; they may be afflicted (compare Psa 34:10); but this may be a good (2Co 4:17, 18; He 12:10, 11).

Sòm 34:11

11. children--subjects of instruction (Pr 1:8, 10).

Sòm 34:12

12. What man--Whoever desires the blessings of piety, let him attend.

Sòm 34:13-14

13-14. Sins of thought included in those of speech (Lu 6:45), avoiding evil and doing good in our relations to men are based on a right relation to God.

Sòm 34:16

16. face ... against--opposed to them (Le 17:10; 20:3).

cut off the remembrance--utterly destroy (Psa 109:13).

Sòm 34:17-18

17-18. Humble penitents are objects of God's special tender regard (Psa 51:19; Is 57:15).

Sòm 34:20

20. bones--framework of the body.

Sòm 34:21-22

21-22. Contrast in the destiny of righteous and wicked; the former shall be delivered and never come into condemnation (Joh 5:24; Ro 8:1); the latter are left under condemnation and desolate.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.