Sòm 27
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble? 2 Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe. 3 Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye. 4 Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a. 5 Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'. 6 Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a. 7 Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non! 8 Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè. 9 Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'. 10 Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen. 11 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. 12 Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti. 13 Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a. 14 Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 27:1
PSALM 27
Psa 27:1-14. With a general strain of confidence, hope, and joy, especially in God's worship, in the midst of dangers, the Psalmist introduces prayer for divine help and guidance.
1. light--is a common figure for comfort.
strength--or, "stronghold"--affording security against all violence. The interrogations give greater vividness to the negation implied.
Sòm 27:2
Sòm 27:3
3. In the greatest dangers.
in this--that is, then, in such extremity.
Sòm 27:4-5
4-5. The secret of his confidence is his delight in communion with God (Psa 16:11; 23:6), beholding the harmony of His perfections, and seeking His favor in His temple or palace; a term applicable to the tabernacle (compare Psa 5:7). There he is safe (Psa 31:21; 61:5). The figure is changed in the last clause, but the sentiment is the same.
Sòm 27:6
6. head be lifted up--I shall be placed beyond the reach of my enemies. Hence he avows his purpose of rendering joyful thank offerings.
Sòm 27:7
7. Still pressing need extorts prayer for help.
cry with my voice--denotes earnestness. Other things equal, Christians in earnest pray audibly, even in secret.
Sòm 27:8
8. The meaning is clear, though the construction in a literal translation is obscure. The English Version supplies the implied clause. To seek God's face is to seek His favor (Psa 105:4).
Sòm 27:9
Sòm 27:10
Sòm 27:11
Sòm 27:12
Sòm 27:13
13. The strong emotion is indicated by the incomplete sentence, for which the English Version supplies a proper clause; or, omitting that, and rendering, "yet I believed," &c., the contrast of his faith and his danger is expressed.
to see--is to experience (Psa 22:17).
Sòm 27:14
14. Wait, &c.--in confident expectation. The last clause is, literally, "and wait," &c., as if expecting new measures of help.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
