Sòm 119
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a! 2 Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo! 3 Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo. 4 Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn. 5 Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande! 6 Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo. 7 M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou. 8 Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'. 9 Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a. 10 Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo. 11 Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou. 12 Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè. 13 M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou. 14 Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè. 15 M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou. 16 Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo. 17 Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè. 18 Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la. 19 Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo. 20 Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside. 21 Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo. 22 Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo. 23 Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a. 24 Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè. 25 Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la. 26 Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè. 27 Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo. 28 Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la. 29 Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou. 30 Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen. 31 Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont. 32 M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen. 33 Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba. 34 Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen. 35 Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'. 36 Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan. 37 Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan. 38 Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou. 39 Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon! 40 Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò! 41 Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la. 42 Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou. 43 Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo. 44 M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan. 45 M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo. 46 M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa. 47 Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. 48 M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a. 49 Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa. 50 Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv. 51 Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou. 52 Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj. 53 Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou. 54 Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen. 55 Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè. 56 Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo. 57 Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo. 58 M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la. 59 Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo. 60 Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo. 61 Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la. 62 Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri. 63 Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo. 64 Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè. 65 Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la. 66 Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo. 67 Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè. 68 Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè. 69 Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'. 70 Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la. 71 Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè. 72 Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè. 73 Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo. 74 Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou. 75 Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou. 76 Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'. 77 Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou. 78 Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo. 79 Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen. 80 Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont. 81 Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou. 82 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'? 83 Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè. 84 Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo? 85 Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a. 86 Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou! 87 Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo. 88 Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou. 89 Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la. 90 Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm. 91 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye. 92 Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen. 93 Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò. 94 Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo. 95 Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo. 96 Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan. 97 Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li. 98 Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan. 99 Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo. 100 Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo. 101 Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè. 102 Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay. 103 Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. 104 Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti. 105 Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen. 106 Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou. 107 Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la. 108 Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside. 109 Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou. 110 Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo. 111 Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan. 112 Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri. 113 Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou. 114 Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou. 115 Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an. 116 Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan. 117 Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè. 118 Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen. 119 Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo. 120 M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo. 121 Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo. 122 Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen. 123 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la. 124 Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a. 125 Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo. 126 Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou. 127 Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an. 128 Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti. 129 Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'. 130 Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann. 131 Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo. 132 Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo! 133 Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen. 134 Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo. 135 Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè. 136 Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou. 137 Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan. 138 Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre. 139 Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo. 140 Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li. 141 Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo. 142 Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite. 143 Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè. 144 Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv. 145 M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè. 146 M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo! 147 Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye. 148 Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo. 149 Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la. 150 Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan. 151 Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre. 152 Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan. 153 Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou! 154 Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la. 155 Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè. 156 Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la. 157 Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote. 158 Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou. 159 Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'. 160 Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan. 161 Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif. 162 Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès. 163 Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil. 164 Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri. 165 Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite. 166 M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè. 167 M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo. 168 M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'. 169 Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann. 170 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'. 171 Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè. 172 Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat. 173 Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo! 174 Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou. 175 Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la. 176 Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 119:1
PSALM 119
Psa 119:1-176. This celebrated Psalm has several peculiarities. It is divided into twenty-two parts or stanzas, denoted by the twenty-two letters of the Hebrew alphabet. Each stanza contains eight verses, and the first letter of each verse is that which gives name to the stanza. Its contents are mainly praises of God's Word, exhortations to its perusal, and reverence for it, prayers for its proper influence, and complaints of the wicked for despising it. There are but two verses (Psa 119:122, 132) which do not contain some term or description of God's Word. These terms are of various derivations, but here used, for the most part, synonymously, though the use of a variety of terms seems designed, in order to express better the several aspects in which our relations to the revealed word of God are presented. The Psalm does not appear to have any relation to any special occasion or interest of the Jewish Church or nation, but was evidently "intended as a manual of pious thoughts, especially for instructing the young, and its peculiar artificial structure was probably adopted to aid the memory in retaining the language."
ALEPH. (Psa 119:1-8).
1. undefiled--literally, "complete," perfect, or sincere (compare Psa 37:37).
in--or, "of"
the way--course of life.
walk--act
in the law--according to it (compare Lu 1:6).
law--from a word meaning "to teach," is a term of rather general purport, denoting the instruction of God's Word.
Sòm 119:2
2. testimonies--The word of God is so called, because in it He testifies for truth and against sin.
seek him--that is, a knowledge of Him, with desire for conformity to His will.
Sòm 119:3
3. his ways--the course He reveals as right.
Sòm 119:4-6
4-6. precepts--are those directions which relate to special conduct, from a word meaning "to inspect."
statutes--or ordinances, positive laws of permanent nature. Both words originally denote rather positive than moral laws, such as derive force from the divine appointment, whether their nature or the reasons for them are apprehended by us or not.
commandments--or institutions. The term is comprehensive, but rather denotes fundamental directions for conduct, both enjoining and forbidding.
have respect unto--or regard carefully as to their whole purport.
Sòm 119:7
7. judgments--rules of conduct formed by God's judicial decisions; hence the wide sense of the word in the Psalms, so that it includes decisions of approval as well as condemnation.
Sòm 119:8
8. Recognizes the need of divine grace.
BETH. (Psa 119:9-16).
Sòm 119:9
Sòm 119:10-16
10-16. We must carefully treasure up the word of God, declare it to others, meditate on it, and heartily delight in it; and then by His grace we shall act according to it.
GIMEL. (Psa 119:17-24).
Sòm 119:17-20
17-20. Life is desirable in order to serve God; that we may do so aright, we should seek to have our eyes opened to behold His truth, and earnestly desire fully to understand it.
Sòm 119:21-24
21-24. God will rebuke those who despise His word and deliver His servants from their reproach, giving them boldness in and by His truth, even before the greatest men.
DALETH. (Psa 119:25-32).
Sòm 119:25-27
25-27. Submitting ourselves in depression to God, He will revive us by His promises, and lead us to declare His mercy to others.
Sòm 119:28-32
28-32. In order to adhere to His word, we must seek deliverance from temptations to sin as well as from despondency.
enlarge--or, "expand"
my heart--with gracious affections.
HE. (Psa 119:33-40).
Sòm 119:33-38
33-38. To encourage us in prayer for divine aid in adhering to His truth, we are permitted to believe that by His help we shall succeed.
the way of thy statutes--that is, the way or manner of life prescribed by them. The help we hope to obtain by prayer is to be the basis on which our resolutions should rest.
Sòm 119:39-40
39-40. Our hope of freedom from the reproach of inconsistency is in God's power, quickening us to live according to His Word, which He leads us to love.
for thy judgments are good--The time must therefore be at hand when Thy justice will turn the "reproach" from Thy Church upon the world (Is 25:8; 66:5; Zep 2:8-10).
VAU. (Psa 119:41-48).
Sòm 119:41-44
41-44. The sentiment more fully carried out. God's mercies and salvation, as revealed in His Word, provide hope of forgiveness for the past and security in a righteous course for the future.
Sòm 119:45-48
45-48. To freedom from reproach, when imbued with God's truth, there is added "great boldness in the faith" [1Ti 3:13], accompanied with increasing delight in the holy law itself, which becomes an element of happiness.
Sòm 119:49-51
49-51. Resting on the promises consoles under affliction and the tauntings of the insolent.
upon which--rather, "Remember Thy word unto Thy servant, because," &c. So the Hebrew requires [Hengstenberg].
Sòm 119:52-56
52-56. The pious take comfort, when harassed and distressed by wickedness of men who forsake God's law, in remembering that the great principles of God's truth will still abide; and also God's
judgments of old--that is, His past interpositions in behalf of His people are a pledge that He will again interpose to deliver them; and they become the theme of constant and delightful meditation. The more we keep the more we love the law of God.
Sòm 119:57-60
Sòm 119:61-62
61-62. This the more, if opposition of enemies, or love of ease is overcome in thus honoring God's law.
have robbed me--better, surrounded me, either as forcible constraints like fetters, or as the cords of their nets. Hengstenberg translates, "snares."
Sòm 119:63
Sòm 119:64
64. While opposed by the wicked, and opposing them, the pious delight in those who fear God, but, after all, rely for favor and guidance not on merit, but mercy.
TETH. (Psa 119:65-72).
Sòm 119:65-67
65-67. The reliance on promises (Psa 119:49) is strengthened by experience of past dealings according with promises, and a prayer for guidance, encouraged by sanctified affliction.
Sòm 119:68
68. Compare as to the Lord Jesus (Ac 10:38).
Sòm 119:69-70
69-70. The crafty malice of the wicked, in slandering him, so far from turning him away, but binds him closer to God's Word, which they are too stupid in sin to appreciate. Hengstenberg refers the "lie" to such slanders against the Jews during the captivity, as that in Ezr 4:1-6, of sedition.
Sòm 119:71-72
71-72. So also affliction of any kind acts as a wholesome discipline in leading the pious more highly to value the truth and promises of God.
JOD. (Psa 119:73-80).
Sòm 119:73
73. As God made, so He can best control, us. So as to Israel, he owed to God his whole internal and external existence (De 32:6).
Sòm 119:74
Sòm 119:75-78
75-78. in faithfulness--that is, without in the least violating Thy faithfulness; because my sins deserved and needed fatherly chastisement. Enduring chastisement with a filial temper (He 12:6-11), God's promises of mercy (Ro 8:28) will be fulfilled, and He will give comfort in sorrow (La 3:22; 2Co 1:3, 4).
Sòm 119:79-80
79-80. Those who may have thought his afflictions an evidence of God's rejection will then be led to return to Him; as the friends of Job did on his restoration, having been previously led through his afflictions to doubt the reality of his religion.
Sòm 119:81-83
Sòm 119:84-87
84-87. The shortness of my life requires that the relief afforded to me from mine enemies should be speedy.
Sòm 119:89-91
Sòm 119:92-94
92-94. Hence the pious are encouraged and inclined to seek a knowledge of it, and persevere amidst the efforts of those planning and waiting to destroy them.
my delights--plural, not merely delight, but equal to all other delights.
Sòm 119:97
97. This characteristic love for God's law (compare Psa 1:2) ensures increase.
Sòm 119:98-100
98-100. of knowledge, both of the matter of all useful, moral truth, and an experience of its application.
wiser than mine enemies--with all their carnal cunning (De 4:6, 8).
they are ever with me--The Hebrew is, rather singular, "it is ever with me"; the commandments forming ONE complete whole, Thy law.
Sòm 119:101-104
101-104. Avoidance of sinful courses is both the effect and means of increasing in divine knowledge (compare Psa 19:10).
NUN. (Psa 119:105-112).
Sòm 119:105
105. Not only does the Word of God inform us of His will, but, as a light on a path in darkness, it shows us how to follow the right and avoid the wrong way. The lamp of the Word is not the sun. He would blind our eyes in our present fallen state; but we may bless God for the light shining as in a dark place, to guide us until the Sun of Righteousness shall come, and we shall be made capable of seeing Him (2Pe 1:19; Re 22:4). The lamp is fed with the oil of the Spirit. The allusion is to the lamps and torches carried at night before an Eastern caravan.
Sòm 119:106-108
106-108. Such was the national covenant at Sinai and in the fields of Moab.
Sòm 119:109-110
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
