Sòm 118

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou! 2 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 3 Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 4 Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 5 Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'. 6 Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'? 7 Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo. 8 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun. 9 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf. 10 Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 11 Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 12 Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 13 Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou. 14 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. 15 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li. 16 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li. 17 Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen. 18 Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'. 19 Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi. 20 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'. 21 Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'. 22 Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. 23 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa! 24 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan! 25 Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè! 26 Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou. 27 Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la. 28 Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa! 29 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 118:1-4

PSALM 118

Psa 118:1-29. After invoking others to unite in praise, the writer celebrates God's protecting and delivering care towards him, and then represents himself and the people of God as entering the sanctuary and uniting in solemn praise, with prayer for a continued blessing. Whether composed by David on his accession to power, or by some later writer in memory of the restoration from Babylon, its tone is joyful and trusting, and, in describing the fortune and destiny of the Jewish Church and its visible head, it is typically prophetical of the Christian Church and her greater and invisible Head.

1-4. The trine repetitions are emphatic (compare Psa 118:10-12, 15, 16; 115:12, 13).

Let ... say--Oh! that Israel may say.

now--as in Psa 115:2; so in Psa 118:3, 4. After "now say" supply "give thanks."

that his mercy--or, "for His mercy."

Sòm 118:5

5. distress--literally, "straits," to which "large place" corresponds, as in Psa 4:1; 31:8.

Sòm 118:6-7

6-7. Men are helpless to hurt him, if God be with him (Psa 56:9), and, if enemies, they will be vanquished (Psa 54:7).

Sòm 118:8-9

8-9. Even the most powerful men are less to be trusted than God.

Sòm 118:10-12

10-12. Though as numerous and irritating as bees [Psa 118:12], by God's help his enemies would be destroyed.

Sòm 118:13-16

13-16. The enemy is triumphantly addressed as if present.

Sòm 118:17-18

17-18. He would live, because confident his life would be for God's glory.

Sòm 118:19-21

19-21. Whether an actual or figurative entrance into God's house be meant, the purpose of solemn praise is intimated, in which only the righteous would or could engage.

Sòm 118:22-23

22-23. These words are applied by Christ (Mt 21:42) to Himself, as the foundation of the Church (compare Ac 4:11; Ep 2:20; 1Pe 2:4, 7). It may here denote God's wondrous exaltation to power and influence of him whom the rulers of the nation despised. Whether (see on Psa 118:1) David or Zerubbabel (compare Hag 2:2; Zec 4:7-10) be primarily meant, there is here typically represented God's more wonderful doings in exalting Christ, crucified as an impostor, to be the Prince and Saviour and Head of His Church.

Sòm 118:24

24. This is the day--or period distinguished by God's favor of all others.

Sòm 118:25

25. Save now--Hebrew, "Hosanna" (compare Psa 115:2, &c., as to now) a form of prayer (Psa 20:9), since, in our use, of praise.

Sòm 118:26

26. he that cometh ... Lord--As above intimated, this may be applied to the visible head of the Jewish Church entering the sanctuary, as leading the procession; typically it belongs to Him of whom the phrase became an epithet (Mal 3:1; Mt 21:9).

Sòm 118:27-29

27-29. showed us light--or favor (Psa 27:1; 97:11). With the sacrificial victim brought bound to the altar is united the more spiritual offering of praise (Psa 50:14, 23), expressed in the terms with which the Psalm opened.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.