Pwovèb 9
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Bon konprann bati kay li, li kanpe l' avèk sèt gwo poto. 2 Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje. 3 Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo: 4 Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo: 5 Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non! 6 Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans. 7 Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li. 8 Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou. 9 Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li. 10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri. 11 Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne. 12 Si ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou. 13 Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen. 14 Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la. 15 L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l'. L'ap di yo: 16 Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo: 17 Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou! 18 Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 9:1
Pr 9:1-18. The commendation of wisdom is continued, under the figure of a liberal host, and its provisions under that of a feast (compare Lu 14:16-24). The character of those who are invited is followed by a contrasted description of the rejectors of good counsel; and with the invitations of wisdom are contrasted the allurement of the wicked woman.
1. house--(compare Pr 8:34).
her--or, "its" (the house).
seven pillars--the number seven for many, or a sufficiency (Pr 6:31).
Pwovèb 9:2
Pwovèb 9:3
Pwovèb 9:4-6
4-6. (Compare Pr 1:4; 6:32). Wisdom not only supplies right but forbids wrong principles.
Pwovèb 9:7-8
7-8. shame--(Compare Pr 3:35).
a blot--or, "stain on character." Both terms denote the evil done by others to one whose faithfulness secures a wise man's love.
Pwovèb 9:9
9. The more a wise man learns, the more he loves wisdom.
Pwovèb 9:10
10. (Compare Pr 1:7).
of the holy--literally, "holies," persons or things, or both. This knowledge gives right perception.
Pwovèb 9:11
11. (Compare Pr 3:16-18; 4:10).
Pwovèb 9:12
12. You are mainly concerned in your own conduct.
Pwovèb 9:13
13. foolish woman--or literally, "woman of folly," specially manifested by such as are described.
clamorous--or, "noisy" (Pr 7:11).
knoweth nothing--literally, "knoweth not what," that is, is right and proper.
Pwovèb 9:14
14. on a seat--literally, "throne," takes a prominent place, impudently and haughtily.
Pwovèb 9:15-16
Pwovèb 9:17
17. The language of a proverb, meaning that forbidden delights are sweet and pleasant, as fruits of risk and danger.
Pwovèb 9:18
18. (Compare Pr 2:18, 19; 7:27).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
