Pwovèb 8
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entèlijans ap pale fò pou tout moun tande. 2 Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo. 3 L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di: 4 Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande. 5 Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri. 6 Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan. Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat. 7 Sa m' pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti. 8 Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwat. Nan sa m' di yo pa gen anyen ki pa vre, pa gen anyen ki kwochi. 9 Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans. 10 Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò. 11 Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m'. 12 Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri. Mwen gen bon tèt pou m' konprann. 13 Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti. 14 Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa. 15 Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis. 16 Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm. 17 Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen. 18 Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen. 19 Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan. 20 Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis. 21 Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès. 22 Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay. 23 Li te fè m' nan konmansman nèt, an premye, anvan tout lòt bagay sou latè. 24 Lè m' te fèk parèt, pa t' ankò gen lanmè. pa t' ankò gen ankenn sous dlo. 25 Lè m' te fèt la, pa t' ankò gen ankenn mòn menm. Ata ti mòn yo pa t' ankò nan plas yo. 26 Bondye pa t' ankò fè latè ak jaden. Pa menm premye grenn pousyè tè a pa t' ankò fèt. 27 Mwen te la lè li t'ap mete syèl la nan plas li, lè li t'ap trase liy kote syèl la kontre ak latè a. 28 Mwen te la lè li t'ap mete nwaj yo nan syèl la, lè li t'ap fè sous dlo pete anba lanmè a. 29 Mwen te la lè li t'ap bay dlo lanmè a limit pou l' pa depase, lè li t'ap poze fondasyon tè a. 30 Mwen te la bò kote l' ap travay avè l'. Chak jou mwen t'ap fè tout bagay ki te fè l' plezi. Mwen te toujou kontan travay anba je l'. 31 Mwen te kontan mache toupatou sou latè. Mwen te pran plezi m' ak lèzòm. 32 Koulye a, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m' di yo fè! 33 Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa. 34 Ala bon sa bon pou moun ki koute m', pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou, pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen! 35 Lè yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn. Li antre nan favè Bondye. 36 Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 8:1-4
Pr 8:1-36. Contrasted with sensual allurements are the advantages of divine wisdom, which publicly invites men, offers the best principles of life, and the most valuable benefits resulting from receiving her counsels. Her relation to the divine plans and acts is introduced, as in Pr 3:19, 20, though more fully, to commend her desirableness for men, and the whole is closed by an assurance that those finding her find God's favor, and those neglecting ruin themselves. Many regard the passage as a description of the Son of God by the title, Wisdom, which the older Jews used (and by which He is called in Lu 11:49), as Joh 1:1, &c., describes Him by that of Logos, the Word. But the passage may be taken as a personification of wisdom: for, (1) Though described as with God, wisdom is not asserted to be God. (2) The use of personal attributes is equally consistent with a personification, as with the description of a real person. (3) The personal pronouns used accord with the gender (feminine) of wisdom constantly, and are never changed to that of the person meant, as sometimes occurs in a corresponding use of spirit, which is neuter in Greek, but to which masculine pronouns are often applied (Joh 16:14), when the acts of the Holy Spirit are described. (4) Such a personification is agreeable to the style of this book (compare Pr 1:20; 3:16, 17; 4:8; 6:20-22; 9:1-4), whereas no prophetical or other allusions to the Saviour or the new dispensation are found among the quotations of this book in the New Testament, and unless this be such, none exist. (5) Nothing is lost as to the importance of this passage, which still remains a most ornate and also solemn and impressive teaching of inspiration on the value of wisdom.
1-4. The publicity and universality of the call contrast with the secrecy and intrigues of the wicked (Pr 7:8, &c.).
Pwovèb 8:5
5. wisdom--literally, "subtilty" in a good sense, or, "prudence."
fools--as Pr 1:22.
Pwovèb 8:6
6. excellent things--or, "plain," "manifest."
opening ... things--upright words.
Pwovèb 8:7
7. For ... truth--literally, "My palate shall meditate," or (as Orientals did) "mutter," my thoughts expressed only to myself are truth.
wickedness--specially falsehood, as opposed to truth.
Pwovèb 8:8
Pwovèb 8:9
9. plain ... understandeth--easily seen by those who apply their minds.
that find--implying search.
Pwovèb 8:10
10. not silver--preferable to it, so last clause implies comparison.
Pwovèb 8:11
Pwovèb 8:12
Pwovèb 8:13
Pwovèb 8:14
Pwovèb 8:15-16
15-16. of which a wisely conducted government is an example.
Pwovèb 8:17
17. early--or, "diligently," which may include the usual sense of early in life.
Pwovèb 8:18
18. durable riches ... righteousness--Such are the "riches," enduring sources of happiness in moral possessions (compare Pr 3:16).
Pwovèb 8:19
Pwovèb 8:20-21
20-21. The courses in which wisdom leads conduct to a true present prosperity (Pr 23:5).
Pwovèb 8:22-31
22-31. Strictly, God's attributes are part of Himself. Yet, to the poetical structure of the whole passage, this commendation of wisdom is entirely consonant. In order of time all His attributes are coincident and eternal as Himself. But to set forth the importance of wisdom as devising the products of benevolence and power, it is here assigned a precedence. As it has such in divine, so should it be desired in human, affairs (compare Pr 3:19).
possessed--or, "created"; in either sense, the idea of precedence.
in the beginning--or simply, "beginning," in apposition with "me."
before ... of old--preceding the most ancient deeds.
Pwovèb 8:32-36
32-36. Such an attribute men are urged to seek.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
